17/09/2026
Nan komin Ansapit, gen plizyè kesyon k ap leve sou fason Brigad Sekirite Zòn Pwoteje, BSAP, ap ranpli misyon li.
BSAP gen yon misyon ki gen rapò ak pwoteksyon zòn natirèl ki anba pwoteksyon Leta. Sa gen ladan pwoteksyon forè, espas natirèl ak lòt zòn pwoteje, ansanm ak prevansyon aktivite ki kapab degrade anviwònman an.
Sepandan, dapre plizyè obsèvasyon ki fèt nan komin nan, BSAP ta plis konsantre sou fè sikilasyon pase sou pwoteksyon anviwònman an. Sitiyasyon sa a soulve enkyetid sou avni resous natirèl Ansapit yo.
Nan plizyè zòn, debwazman ap kontinye. Genyen tou enkyetid sou disparisyon kèk espès bèt, tankou leza, ki ta dwe fè pati ekosistèm lokal la.
Devan sitiyasyon sa a, gen demann pou ANAP, kòm enstitisyon ki konsène ak jesyon zòn pwoteje yo, voye je sou sitiyasyon an epi evalye fason misyon BSAP ap egzekite nan Ansapit.
Kesyon an rete: Ki wòl BSAP dwe jwe nan Ansapit, e ki mezi ANAP kapab pran pou ranfòse pwoteksyon anviwònman an nan komin nan?
Pwoteksyon anviwònman an mande siveyans, sansibilizasyon ak aplikasyon règ ki konsène zòn pwoteje yo
Wilgens Antenord jounalis
fans Anse-à-pitres News Odesc-Haiti Belle-Anse Info SAK PASE Banane Nelson Fils Thiotte infos. Louvrije Hosse Jean Roosbens Frantz Moreau Ivans Mike Desvallons Spencer JN Pierre Felix Joel Jules Watson Mohamed Ally Santana K-liko Anius Francky Jean Poto Junior Desruisseaux Ansapit se pou pitit Ansapit .