05/15/2026
🔴Antreprenè ayisyen an Johnson Napoleon te anonse ofisyèlman yè mèkredi 13 me 2026 la lansman platfòm “Haiti Rise Air”, yon pwojè ki vize mete sou pye premye konpayi avyon Ayisyen ki pral dirije pa Ayisyen kap viv nan dyaspora.
Daprè done yo, Nan mwens pase 24 èdtan sèlman, plis pase 19 000 moun deja enskri sou platfòm nan epi total angajman finansye yo depase 35 milyon dola ameriken. Yon rezilta ki depase tout atant .