05/04/2022
Les Productions Bénies ba ou randevou Le Villate, Pétion-Ville, dimanch 17 avril pou 7e edisyon Pre Lakwa.
Yon lòt espektak mizikal ankò, nan okazyon Dimanch Pak, ak yon istwa ki enspire nan Bib la, ak plizyè atis kretyen ladan yo Taliana Lindor, Wiliadel Denervil, Romy Laguerre, Aniel Fils, Frantz Junior Moise, Rachelle Geffrard, Auralie Antoine... Men ap genyen avan pyès la, diferan atis envite kap jwe tou : Claire Calixte, Jessie Desir Sauld, Pasteur Evens Redempti.
Admisyon : 1500 goud ALAVANS. Nou presize sa paske nan 2 dènye edisyon yo, pa gen kat ki disponib nan baryè a ankò. Kidonk, pran kat ou bonè.
Ou ka retire kat la nan pwen vant yo : Le Villate, Bonjean Market ak Mikado (sa ki nan antre Delmas 31 an).
Ane sa a, ou kapab retire kat ou AN LIY sou aplikasyon The Spot Events. Telechaje aplikasyon an sou PlayStore osinon AppleStore, tape Pre Lakwa epi plase kòmann tikè ou a. Ak kat vityèl la, wap gen aksè a evenman an jou a.
Mèsi ak tout sipòtè nou yo pou edisyon sa, patikilyèman Tearfund, Agence Médiation, Eglise Rendez-Vous Christ, Youth Pioneer Haiti, Alleluia FM Koze Kretyen, IMC Agence de Conseil en Image et Relooking, Global Merger Services, Levanjil Foto, Chokarella, Ticket Magazine, Magik 9, Radio Emancipation FM, Radio O Inter, Visa FM , Radio VIK3, Radio Lumière, OneArt Graphix ak La Collection de Lilie.
Vini bonè. Nap komansè bonè pou nou fini bonè ;-)
A byento pou bèl eksperyans sa !