Mesy's Decor&Event

Mesy's Decor&Event Mesy’s Decor vous garantit un événement unique, personnalisé et inoubliable en toutes occasions

Lè m t ap oganize Shots and Paint nan mwa me pase, youn nan bagay mwen te vize depi nan kòmansman se te kote a.Aktivite ...
18/12/2025

Lè m t ap oganize Shots and Paint nan mwa me pase, youn nan bagay mwen te vize depi nan kòmansman se te kote a.
Aktivite a te artistik, donk li te dwe reflete tèm nan.
Mwen te gen chwa ant Teras CCMEC ak Sublime Hôtel pou potansyèl dekoratif yo (penti, fresk, vibe nan zòn nan).
Finalman, mwen te fè li nan Sublime Hôtel (Arcachon 32). Achitekti lokal la te bay evènman an yon lòt dimansyon.

Sa fè m sonje: lè w ap chwazi yon kote pou nenpòt evènman, se pa sèlman lokal la ou chwazi.
Se sa moun yo pral santi lè yo rive.

Èske y ap alèz?
Èske y ap ka deplase, pale, jwi san strese?
Èske yo santi yo an sekirite?

Yon bon chwa se sa ki respekte objektif evènman an ak envite yo.
Fasil pou jwenn.
Konfòtab.
Panse pou tout moun.

Ou pa bezwen yon kote chè oswa enpresyonan.
Souvan, yon lokal senp, byen itilize, sifi anpil.

⸻

👉 Men 5 bagay pou tcheke anvan ou chwazi kote a:

• Aksè : fasilite pou moun jwenn li. Eske se yon zòn tout moun konnen? Si non, gen endis ki ka oryante yo. Ou dwe kominike klè sou kijan pou rive.
• Konfò & kapasite : ni twò sere, ni twò gran. Panse ak kantite envite ak mouvman yo.
• Potansyèl dekoratif : yon lokal ou ka transfòme oswa ki ale ak tèm evènman an.
• Teknik & lojistik : elektrisite, son, vantilasyon… sa yo ede evite twòp chay nan òganizasyon.
• Sekirite & anbiyans : moun yo dwe santi yo byen, ak sekirite (emergency exit, elatriye).

💡 Nan Mesy’s Decor & Events, nou panse an premye ak eksperyans envite yo.

E ou menm, ki experyans ou te fè pandan wap chwazi espas pou yon aktivite ?

Medjina Joseph
Event planner

🎄 Fen ane an rive… wap panse kisa ki pi bon kado pou pwòch ou?Nou gen solisyon an pou ou : bèl kado pèsonalize, kap make...
13/12/2025

🎄 Fen ane an rive… wap panse kisa ki pi bon kado pou pwòch ou?

Nou gen solisyon an pou ou : bèl kado pèsonalize, kap make lespri moun ou😌.

🖼️ Kad pèsonalize ak foto, mesaj oswa dat espesyal

📩 Ekri nou sou WhatsApp +509 43176078
pou chwazi kado w la.

We create memories




̈tianfacebook

Adresse

Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50946241937

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mesy's Decor&Event publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Mesy's Decor&Event:

Raccourcis

Partager