09/01/2026
RIP – Dieudonné Larose
Yon vwa ki leve peyi a, yon lejand ki pap janm mouri
Lè nouvèl la tonbe pou di Dieudonné Larose mouri Kanada, se tankou tout peyi a leve an silans. Yon silans lou, paske se pa yon atis senp nou pèdi, se yon vwa, se yon konsyans, se yon istwa vivan nan mizik ayisyèn nan.
Dieudonné Larose te yon atis ki te fè tout vil chante pou peyil. Mizik li pa t fèt pou fè bri sèlman, li te fèt pou fè reflechi, pou touche reyalite pèp la, pou mete limyè sou sa nou ye kòm Ayisyen. Li te chante laverite, menm lè laverite te fè mal.
Nan endistri mizik la, lanmò Larose se yon gwo kou. Nou pèdi yon pilye, yon referans, yon non ki te konnen sa li t ap fè e poukisa li t ap fè l. Menm lè li te lwen peyi a, li pa t janm lwen Ayiti. Nan chak chante, nan chak pawòl, Ayiti te toujou la.
Nan tout entèvyou li te bay sou Radio Emancipation, espesyalman nan emisyon Mizik An Nou, Larose te toujou repete yon pawòl ki montre jan li te konsyan de misyon li :
“Si m te konnen se konsa pèp Ayisyen ta pral ye, gen anpil bagay m pa t ap fè.”
Men li te toujou ajoute li pa regrèt, paske li te konprann menm si li ta mouri, mizik li yo t ap kontinye viv, petèt yon jou pou ede nou pran konsyans.
Jodi a, pawòl sa yo vin tounen pwofesi. Larose pa la ankò, men mizik li ap chante nan lari, nan radyo, nan kè pèp la. Se konsa lejand viv : yo pa mouri, yo chanje fòm.
Li te konn di tou, ak bon sans ak imè :
“Menm si ou manje bèf la ak tout kòn, sa pap janm fè w viv 200 an.”
Yon rapèl pou tout moun sou limit lavi, sou sa ki vrèman konte.
Legend, ou ale an pè.
Vole wo Legend.
Non w ap viv, vwa w ap viv, mizik ou pap janm mouri.
Triomphe Promo