26/09/2023
Dòz Natirèl Pou Elimine Vè Nan Vant Timoun
Anpil timoun gen pwoblèm vè nan vant yo, pafwa majorite remèd paran yo achte pa ede yo elimine vè sa yo ak tout lòt kalite parazit ki enfekte timoun kou granmoun. Vè nan vant ka lakoz pèt apeti oswa malnitrisyon, afekte devlopman sèvo ak kapasite pou ti tyovi a byen pèfòme lekòl (w a panse se kreten l kreten vre men non), karans nan Vitam A, si l te deja anemik sa ka rann li vin pi mal; avèk anpil lòt sentòm plis konplikasyon si nou pa trete kondisyon sa bonè.
ENGREDYAN AK REGLEMAN
- 3 boujon Semen Kontra (non syantifik: Chenopodium ambrosioides; Anserine an Fransè)
- 2 branch Asowosi (non syantifik: Mormodica charantia, lòt non Kreyòl se Yèsken) ki pandye tèt anba pou w tou pran menm jan an nan pye a.
- 1 wonn po Sitwon (kale yon sitwon vèt ankè. wè si w ta ka kale l ak tout po a anantye, pa koupe l bout pa bout)
PREPARASYON:
Bouyi l lejèman nan yon ti dlo epi adousi l lejèman. Ba timoun nan yon tas. Fè sa 3 fwa pa semèn pandan 3 semèn, toujou sote 1-2 jou espas chak w ap refè l.
➡️ Se nou k pou pataje pòs la ak envite zanmi Like paj la pou n ede plis moun epi pou n ka poste plis remèd pou nou.
DIPLIS: Lave 3-5 bout rasin Ave (non syantifik: Petiveria alliacea, panyòl rele l Anamu, Guinea hen w**d ann anglè), yon ti jan bat yo pou yo fann lejèman, bouyi yo pou 7-10 minit. Bwè l kòm tizann tout jounen ajoute 2-3 grenn sèl ladan l, ou ka pran l pou 3 jou si w wè tout oswa majorite vè yo deja elimine; oswa fè sa 7 jou youn dèyè lòt si w santi kèk ti sentom.
Atansyon: Pa bay timoun ki poko gen 5 ane rasin ave jis fè premye dòz prensipal ki pi wo a.
Remèd natirèl sa efikas pou granmoun tou. Chak tip vè oswa parasit gen dòz pa yo ki plis apwopriye pou elimine yo. Yo konn devlope rezistans parapò ak kèk remèd, konsa li bon si n ka idantifye ki kalite vè li ye, konsa si dòz jeneral sa pa ta ba w rezilta w swete a, ou ka ekri nou epi ba n rezilta ekzamen ou te fè a. Pa bliye majorite maladi pran rasin nan vant nou, li enpòtan pou nou toujou gen bon sante dijestif, fè lavman (medsin, lòk, detòks) anviwon 2 fwa pa ane, se yon metòd prevansyon efikas.
Men lyen pòs orijinal la: https://medikaplant.org/doz-natirel-pou-elimine-ve-nan-vant-timoun/?cn-reloaded=1
Medikaplant.org
Platfòm Referans Medsin Tradisyonèl Ayisyen an
______///_______///_________///_________________
| |
Fòk nou envite yon pil zanmi Like | Abòne (Follow) paj lan pou nou sipòte travay edikatif sou plant nou yo.