
22/06/2025
Seremoni Maryaj: Legliz oswa Otèl❔
Lè w ap planifye maryaj ou, youn nan premye gwo desizyon se kote seremoni an ap fèt?Gen moun ki panche sou maryaj nan legliz, gen lòt ki chwazi yon maryaj nan otèl.
Se pa yon kesyon fasil. Dèyè chak chwa gen yon sans, yon valè, ak konsekans ki ka afekte eksperyans maryaj la. Sa enpòtan pou nou reflechi byen sou sa chak fòm maryaj vle di, pou nou chwazi sa ki plis alinye ak valè, vizyon ak esperyans nou vle viv nan jou sila.
Maryaj nan legliz, Pou anpil moun, maryaj nan legliz pa jis pou fè bèl foto selman, Gen moun ki konsidere l kòm yon angajman sakre devan Bondye. Li baze sou tradisyon, lafwa, e li gen anpil valè espirityèl. Se yon fason pou mete Bondye nan sant relasyon an, epi montre kominote w ke se pa yon angajman ki fèt alalejè. Sepandan, maryaj nan legliz gen règ ak fòm ki dwe respekte.
Maryaj nan otèl, li menm mete aksan sou fleksibilite, elegans ak pèsonalizasyon. Li ofri plis libète pou mete vizyon ou sou pye — depi sou tèm, koulè, dekorasyon, jiska jan seremoni an ap fèt.
Avantaj Maryaj nan Legliz
* Espas sakre ki pote sans espirityèl ak emosyonèl
* Tradisyon relijye respekte (benediksyon, seremoni klasik)
* Apwopriye pou fanmi ki gen valè relijye fò
* Dekorasyon senp
Men sou bò dekorasyon ak resepsyon, gen kèk limit:
* Dekorasyon souvan limite nan legliz yo Anpil legliz gen règ strik sou ki sa ou ka mete kòm dekorasyon.
* Gen legliz ki limite tan ou ka itilize espas la.
* Resepsyon fèt lòt kote
Nan modèl maryaj tradisyonèl kote ou marye nan legliz, resepsyon ou ap fèt nan yon lòt espas. Sa gen konsekans sou planifikasyon:
- De kote pou lwe – Sa vle di ou gen pou w peye legliz la pou seremoni an (oswa fè kontribisyon), epi ou dwe lwe yon sal resepsyon apa pou fèt lan. Sa ogmante kout total maryaj la.
Avantaj Maryaj nan Otèl
✔ Yon sèl espas pou tout evènman an – Otèl yo ofri espas pou seremoni ak resepsyon an menm kote. Sa bay plis fasilite.
✔ Dekorasyon fleksib – Ou gen libète total pou w chwazi tèm, koulè, aranjman, elatriye.
✔ Atmosfè modèn – Otèl yo souvan ofri espas ki deja sofistike, sa fè dekorasyon pi fasil ak ekstravagan.
✔ Planifikasyon pi senp – Anpil otèl gen sèvis entegre (katering, DJ, planifikatè, lojman envite).
⸻
Tou de fòm maryaj yo gen valè. Youn pa pi bon pase lòt — yo jis diferan. Sa ki enpòtan, se chwa ki mache pou ou menm ak patnè w. Si lafwa ou se sant relasyon ou, maryaj nan legliz ka pote plis sans. Si ou se yon moun kreyatif ki vle kreye yon eksperyans modèn ak pèsonèl, maryaj nan otèl ka pi adapte.
Nan Mesy’s Decor and Events, nou respekte tout chwa. Nou kwè chak koup merite yon maryaj ki reflete yo, kèlkeswa kote yo chwazi di “Wi”.
E ou menm? Di nou sa ou panse nan kòmantè yo Ou ta pito marye nan legliz oswa nan otèl? Pataje vizyon maryaj ou ak nou.