30/05/2026
COMMUNIQUÉ IMPORTANT
Nou salye tout zanmi ak moun ki toujou swuiv NDS Decor,
Se avèk anpil tristès nou aprann sa ki pase pa twò lwen nou yè nan aprè midi , apre trajedi ki pase a, ekip ki tap òganize" Coeur des mamans et futures mamans" an pran desizyon pou anile aktivite a ki tap fet demen dimanch 31 mai an paske nou estime ke moman an pa favorab pou kenbe evènman sa a jan sa te prevwa.
Nan sikonstans sa yo, nou kwè li enpòtan pou nou montre solidarite ak respè anvè tout moun ki afekte pa sitiyasyon sa a spesyalman moun komun Vèrèt.
Nou prezante eskuz nou bay tout moun ki te deja achte tikè yo, ansanm ak tout moun ki te sipòte nou, pataje enfòmasyon yo ak ede nou fè pwomosyon aktivite a. Nou rekonesan anpil pou konfyans ak lanmou nou te montre nou.
Aktivite « Cœur des Mamans » an pa anile, men li ranvwaye pou ane pwochèn nan menm dat la. Nou espere n ap jwenn menm sipò ak menm devouman nou te resevwa ane sa a.
Nou remèsye nou pou konpreyansyon nou epi nou swete lapè, fòs ak kouraj pou tout kominote a pandan moman sa a.
L’équipe NDS Decor ❤️
Dl Pictures Mc Adson Killie Kerline Joseph Giovanne Chada Davena Manise Dorrius