Daniel St Hilaire

Daniel St Hilaire L'nformation et tout l"actualité politique, économique, social et culturelle en Haiti. Principalement Entreteniment

19/09/2022
24/04/2021

Twòp lajan likid an sikilasyon nan peyi Dayiti.

1- Li ankouraje Kowipsyon
2- Li ede maladi kontajyez yo sikile
3- Li pa bon pou ekonomi an.

Rekòmandasyon:

¤ Ankouraje sitwayen Ayisyen pran debit card nan bank yo.

¤ Ankouraje Bisnis yo pran peyman elektwonik.

NB: Yon Ekonomi ki plis favorize tranzaksyon Cash, ap toujou trè fèb, pou anpil rezon moun pè mache ak anpil cash, sa koz mwens e mwens tranzaksyon fèt. Ekonomi an vin pa boujue. E se nan fè anpil tranzaksyon ekonomi yo bouje, plis moun achte plis moun vann plis moun vann, plis moun konsome, plis job kreye.

Men men yon moun bezwen achte yon bagay oubyen peye yon bagay ki fè 10 mil panse avan li reyisi ale nan bank lan epi nenpòt bagay ka rive li pandan li ap pran kob la.

1- Li pran machin pou li ale sa vle di li depanse yon 50 ou 100 good pou pi piti.

2- Aksidan, nenpòt bagay ka pase sou wout pou li rive nan bank lan

3- Li rive nan bank lan li pran yon liy ki koute li 3 zèd tan, sa vle li kaziman pèdi jounen sa, li pa antre anyen kob lajan. Sa ki entèlijan mache ak yon liv omwen pandan yo kanpe nan liy lan ya aprann yon nouvo bagay.

4- Li mete ou nan yon ensekirite, li mete ou vilnerab fas ak volè.

5- Ajoute lòt...

Yon ekonomi ki plis ankouraje tranzaksyon elektwonik: Lap yon ekonomi ki fò, nou la gade sante peyi ki ankouraje peyman elektwonik yo, ak sante peyi ki plis ankouraje peyman Cash yo. Sa ki plis ankouraje peyman elektwonik yo plis an sante ekonomik ke peyi ki plis ankouraje tranzaksyon cash yo.

1- Ekonomi an plis an sikilasyon : Gen plis moun ki achte, gen plis moun ki vann, gen plis moun ki re vann gen plis job ki kreye jis paske moun pa oblije ale pran oken risk pase 3 zèd tan nan liy pou depanse pwob kòb pa li.

2- Li ankouraj aktè yo mete kèk lòt sèvis de baz disponib tankou kouran ak entènèt.

3- Li ankouraje plis transparans, sa vle di li ede goumen kont Kowipsyon, paske anpil Kowipsyon Mas se moun ki ap fè ti koutay gout sou lòt bagay la vann 50 Goud paske se lajan cash ke mwen ap peye, anpil fwa mwen pa mande resi yo fem peye li 55 Goud, paske trans pa rete.

4- Ekonomikman li ede peyi a jere lajan paske gen mwens lajan ki depanse nan voye enprime lajan nan peyi etranje. ( nan 4 an BRH sot depanse 65 000 000 dola ameriken jis pou peye enprime lajan) kob sa te ka mete 1 bibliyotèk modèn nan chak komin eske se pa vre Jimmy?

5- Li ankouraje popilasyon an vanse pi lwen lekòl e genyen pi bon ekonomi yo, lajan ki ap antre, lajan ki ap soti.

6- Li ankouraje sitwayen ou vin sitwayen mondyal, yo ka achte sou entènèt, swiv kou nan inivèsite sou entènèt, lè yap vwajaje yo pa bezwen mache ak pil lajan cash.

7- Evidamman yap konstwi bon rekò sou fason yap ka jere kredi.

8- Ajoute lòt...

Genyen ti efò ki ap fèt ak mon cash, men li pa sifi.

Antouka,
Ekonomis yo ka di nou plis

31 Mas 1991 ~ 31 Mas 2021 make 30 lane egzistans   , Radio Tropic FM se dezyèm radio nan kapital la a ki banm chans mw p...
03/04/2021

31 Mas 1991 ~ 31 Mas 2021 make 30 lane egzistans , Radio Tropic FM se dezyèm radio nan kapital la a ki banm chans mw poum mete sam te aprann nan lekol kominikasyon an aplikasyon .

Tropic FM se yon lekol ,Tropic FM se yon moul, PDG Guy Jean ak Madanm li pa janm pap tire zorèy ou sou kalite travay wap rèmèt yo ...

Mw swete lavi radio a pwolonge pi long pou kontinye fè misyon l
rekot kafe Tropic FM

Mikro pesonalite sou Tropic Fm Jodia samdi 20 mas 3h pou 5h .91.3  Jodia nap gen ak nou (Josué Clervil)  Ak (Gué Verlien...
20/03/2021

Mikro pesonalite sou Tropic Fm Jodia samdi 20 mas

3h pou 5h .91.3 Jodia nap gen ak nou
(Josué Clervil) Ak (Gué Verlien) 2 ansyen polisye..
nou pral analize Sak Kap pase nan PNH la.

20/03/2021

Micro Personalité
Avec jounaliste Paw la

Daniel St Hilaire

3h pou 5h

Chak Jou Yon invite ESPESYAL



Chak jou son jou, profitel janw kapab
19/03/2021

Chak jou son jou, profitel janw kapab

*ENVESTI AN AYITI.*Yon Ayisyen ki fè chwa pou envesti Ayiti se yon moun ki montre li gen anpil kouray, ki kwè nan travay...
19/03/2021

*ENVESTI AN AYITI.*

Yon Ayisyen ki fè chwa pou envesti Ayiti se yon moun ki montre li gen anpil kouray, ki kwè nan travay, ki kwè se lakay ki lakay tout bon vre e ki gen yon moral total kapital paske lakay se nan briganday ak jwèt bosal yo chwazi rekonpanse yon envestisè ki vle fè siksè e ki panse li ka pote kole pou sa chanje.

*Envesti an Ayiti.*

Se chwazi gen pou enmi bon zanmi ou pat janm espere ou te ka pèdi, se chwazi deklare lagè kont la mizè ak malfèktè. kòmanse ak mouche LETA ou panse w vini soulaje, pou rive sou moun ki nan chomaj ou panse w vini bay travay. Se yon fason pou montre kote pwoblèm ou kòmanse, san nou pap bliye mouche bandi pou jere ak sila yo ki mete tout kalite dyab deyò pou fè biznis lan paka mache. Pa fè kè w sote, kidnape w oubyen tire w se rans se ou ki pou veye kò w.

*Envesti an Ayiti.*

Se espere ou ka pèdi tout envestisman ou fè pandan plizyè ane nan yon sèl jou paske se yon peyi dife pa janm entèn, lwa kraze brize manifeste la jounen kou lan nwit, sèl garanti w genyen se asire biznis ou aletranje. Konbyen antreprenè ki gen ren pou danse konpa kè kal sila a? antouka reflechi wa konprann.....

*Envesti an Ayiti.*

Si zam kòripsyon w nan men w epi w konnen ki jan wap itilize li, depi w gen fòmil sistèm nan nan men w, san dout ou te mèt rete kè poze se dòmi pòv epi leve rich se nan yon bat je wap wè milyon tout biyè ap tonbe sou kont bankè w.

*Envesti an Ayiti.*

Envesti an Ayiti, Se yon veritab pwoblèm se komsi Ayiti gen gwo pwoblèm ak modènite ak moun ki vle kreye. Se kòmsi tout sa ki bon merite disparèt sitou si w se yon pitit sòsyèt ki gen vizyon kap fè efò pou sa chanje.

Nou di ASE, kat la dwe bat yon lòt fason. Si tout bon vre nou tout se Ayisyen nou dwe gen menm dwa tankou: Pou nou jwenn bon jan kredi ak sekirite sou tout fòm, pou nou envesti nan peyi nou san kè sote.

*Eske sa vle di nou dwe dekouraje pou nou kite entimidasyon fè nou pè envesti?*
Nou di non, men nou dwe batay pou sistèm peze s***e sa disparèt pou yon jou nou pran wout devlopman.

*Jérémy MERVIL*
*7 oktòb 2020*

Ing Jomo: ki fil poum konekte pou kouran 24/24 la ?Ti Simone: fil nwa 🤣🤣🤣
16/03/2021

Ing Jomo: ki fil poum konekte pou kouran 24/24 la ?

Ti Simone: fil nwa 🤣🤣🤣

😂🇭🇹Piti a komanse boné wi la 😁
16/03/2021

😂🇭🇹
Piti a komanse boné wi la 😁

Nég sa anraje wi, e yo vóló an menm tan.Sél Haiti pou wé yon bagay konsa .Antouka Bondye wé nou wi
16/03/2021

Nég sa anraje wi, e yo vóló an menm tan.

Sél Haiti pou wé yon bagay konsa .

Antouka Bondye wé nou wi

Mwen vle atire atansyon chak moun ki ap li piblikasyon sa. Ou menm, prensipalman, ki ap viv Brezil, nan moman sa, nou ge...
15/03/2021

Mwen vle atire atansyon chak moun ki ap li piblikasyon sa. Ou menm, prensipalman, ki ap viv Brezil, nan moman sa, nou gen anpil ka covid19, pi fò lopital yo pa gen plas ankò pou fè entènasyon, li prèske enposib pou jwenn yon plas nan UTI (kote pou jwenn swen entansif pou pasyan ki grav anpil). Nou sonje, lè kowonaviris te komanse, jenn yo pat fè pati gwoup de risk, men kounye a, nou jwenn anpil jenn ak timoun ki ap mouri nan maladi sa. Mwen se temwen de yon pasyan mw ki gen 21 an, ki pa gen lòt maladi e mw oblije transfere l apre plizyè difikilte nan UTI. Prekosyon pa kapon, kontinye respekte tout prensip ijyèn yo, pa soti san w pa gen bezwen, itilize mask, evite aglomerasyon, se pa moman pou resevwa vizit oswa vizite lòt moun. Konnen nou toujou la pou nou sèvi w, si w ta bezwen enfòmasyon pa neglije antre an kontak ak nou.

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Daniel St Hilaire publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Daniel St Hilaire:

Partager