Flamboise

Flamboise Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Flamboise, #61 Caracolie 2, Jeremie.

02/10/2025

Se yè map aprann ke moun ki marye san makiyaj se manfouben, m aprann sa pa fè sans pou jou maryaj yon moun poul pa pase yon ti poud e gen nan nou ki menm di ke sa rele Salòp. E pou kore tout sa, nou di nou pa "Ipokrit". Ebyen vin nou pale maryaj non. 😁

1- Ann gade rezon ki ka fè yon moun marye san makiyaj.
Gen fanm ki chwazi pa mete makiyaj pou plizyè rezon : po sansib, chwa espirityèl, estetik natirèl, oswa jis paske yo santi yo pi bèl san li. Pou nenpòt rezon li ta ye ou pa panse ou dwe respektel?

2- Makiyaj pat toujou egziste. Pandan plizyè syèk, depi tan Adan ak Èv rive nan tan biblik yo, fòk ou konnen pat gen okenn poud, pat gen fond de teint, pat gen glos. Fanm yo marye ak tout bote natirèl yo, ak po yo jan li ye, ak souri yo jan Bondye ba yo. Èske sa te fè yo “salòp”? Non. Yo te toujou rele yo madanm, manman, fanm saj, fanm ki gen valè. Gen yon moun ki di ke marye ki pa gen makiyaj pa atire pèsonn, bonl pa atire pèsonn epi lap marye? Ou konprann oswa m dwe fè desen an?

3-Sosyete modèn vin chanje estanda yo. Jodi a yo fè ou kwè si ou pa gen makiyaj ou manfouben, si ou rete natirèl ou “Salop”. Sa rele MANTI SOSYAL. Yon fanm ki tande tout sa nou dekri kom kritè bote e ki chwazi parèt devan 200-300 moun jou maryaj li san makiyaj pa yon aksyon salòp, okontrè sa di byen fò ke se yon fanm ki gen yon estim anraje pou tèt li. Estim ke moun kap pale yo pa menm genyen.

4- Moun ki chanje koulè yo toujou di yap netwaye po, sa pa pwopte se pwoblèm estim. Siw pa ka gade zong ou, fok ou kouri mete yon fo kouw fin retire youn se pa bon definisyon pwopte se yon mank lanmou pou saw genyen. Siw pa renmen saw wè lè foto an fèt san filter, ou pa ka rive devan lari siw pa gen makiyaj, sa pa fèw pi pwop, sa fèw gen mwens estim pou vrè ou menm nan.

Lè yon moun di “fanm ki pa makiye jou maryaj li se salòp”, yo montre yon limit nan edikasyon yo. Paske si makiyaj se sèl bagay ki fè ou respekte yon fanm, sa vle di ou poko konprann ki sa yon fanm ye menm siw se youn.

Ou pa “salòp” paske ou natirèl. Ou pa “manfouben” paske ou pa suiv presyon sosyete a. Ou se fanm ki konnen kiyès li ye e ki pa bezwen chanje pou fè moun konfòtab. Ou vle marye san makiyaj? Jis pran swen pow poul pa gen tach, jèm, poul pa sèch, blanch oswa two grese.

Gen makiyaj m konn wè pito nou te marye konsa. Pataje pou plis moun kapab konnen ke makiyaj se yon chwa pa yon idantite pou marye.

Dam_maryaj_la

10/05/2024
28/03/2024
02/02/2024

Pour toutes les occasions spéciales, donnez une surprise avec

Klerjou Épicerie vini ak yon nouvo sevis pou kontinie pote plis kè kontan ak satisfaksyon pou chak kliyan li yo. Kontakt...
25/01/2024

Klerjou Épicerie vini ak yon nouvo sevis pou kontinie pote plis kè kontan ak satisfaksyon pou chak kliyan li yo.
Kontakte nou pou tout okazyon nap prepare e livre kado yo pou nou.
ap akonpayew pou bay sipriz la.

25/08/2023

Passez-vous vous inscrire ✍️

21/07/2023

FIFA 23 | England vs Haiti | FIFA Women's World Cup 2023 - Group Stage | Gameplay PC

Adresse

#61 Caracolie 2
Jérémie
7110

Téléphone

+50944859044

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Flamboise publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Flamboise:

Partager