21/04/2025
🤍Pafwa, nou bezwen disparèt pou n ka rejwenn tèt nou ankò. ✍🏾
🌞Bonjou Komanw ye?
Sa fè 3 mwa depi mwen pa pibliye anyen, e 2 mwa depi mwen pat menm konekte ditou sou rezo sosyo yo. Mwen te santi’m inutil, fatige, enkyete, ak dekouraje... Mwen te santi’m tankou yon pyebwa nan sechrès, vid, demotive ak tout bagay kap pase nan tèt mwen. Chak jou te sanble pi lou e difisil ke yon lòt, ki fè mwen te deside pran yon ti distans. Mwen te panse se tap jis pou kèk jou, men lavi pat planifyel konsa…
📛Avec ensekirite k’ap fè ravaj nan zòn mwen, ansanm ak pwoblèm pèsonèl mwen, ti repo a te vin rive jis nan 3 mwa. 3 mwa san mo, san nouvel, san pataje anyen ditou. ✝️Men, Bondye merite tout lwanj, mwen santi’m pi byen kounye a! Anfòm lan poko a 100%, men m’ap kenbe fèm.
🌬Anpil bagay chanje nan vi m, e mwen fè kèk reyalizasyon ke map gen poum pataje avèk nou byento.
💜Mèsi ak tout moun ki te remake absans mwen ki te voye yon mesaj, pou tout kesyon nou te poze sou disparèt mwen an. Sa yo te fem santi ke mwen pa poukont mwen. Nou pa janm konn ki jan yon ti bonjou ka sove yon jou. Sa yo te touche’m jis nan zo mwen. Mèsi anpil 💜
Mwen poko ap tounen aktif sou rezo sosyo yo, paske mwen bezwen plis tan toujou poum kontinye travay sou tèt mwen ak sou pwojè mwen yo. Men, mwen pa twò lontan tounen ...
Antre tan mwen swete nou pran swen tèt nou, ak pwòch nou yo, kenbe fèm, Nap wè e pale byento!🥂