21/04/2026
MIX & PAINT
Gen moman nan lavi ki pa jis evènman… men ki tounen souvni ki rete nan kè
Mix & Paint se te yon eksperyans inik kote granmoun,timoun,zanmi, fanmi antye te reyini nan yon sèl espas… pa sèlman pou pentire, men pou pataje lanmou, ri, ak bon moman ansanm ❤️
Chak koulè te rakonte yon emosyon, chak souri te pote chalè… e anbyans lan te vrèman remakab
Le Michel te asire li yon bon animasyon ak anbyans,
Epi Dj-blade volmar te fè kè nou bat ak mizik ki te kenbe vibe la vivan pandan tout moman an .
Se pa t sèlman yon aktivite… se te yon eksperyans ki make lespri nou, ki raple nou jan li enpòtan pou nou viv, pataje, epi kreye ansanm.
Mèsi pou repotaj video a ,
Mèsi ak tout esponsò nou yo .
📸 Seven Pixels Productions
Venue