11/10/2025
Kite'm pale nou maten an de fi donè mwen ak mari'm te genyen nan maryaj nou.
Avan tout bagay, chak moun gen yon konsepsyon de kisa fi donè reprezante nan yon maryaj.
Pou nou menm, yo reprezante lanmou, bote, elegans, soutyen emosyonèl ak anpil lòt ankò.
E sa se lè ou byen chwazi yo, paske ou pa chwazi fi donè pou bèl, pou lajan ak emosyon sèlman.
Jou pa nou an, nou te gen sèlman 7 fi donè ke nou ap remèsye yo piblikman :
🧡Carolina ti sè mwen
💙Francesca
💙Regine
🧡Eva
💙Felica
🧡Edith
🧡Jesula
Yo te deside fè jou n'ap marye a pi bèl, tèlman yo kanpe ak nou.
🤔Kijan ou wè koze bay fi donè yo kado ?
Gen anpil kliyan ki toujou poze Fairy Wand Event Company kesyon sa.
Nan peyi nou isit, avan ou pran yon moun pou mache nan kotèj ou, swa li plenyen, swa li ap pale'w mal dèyè do ou :
(“Gade entèl bezwen mwen vinn depanse tout lajan mwen, mwen te voye li marye !?”)
Oswa moun nan la, li sou foulay :
(“Ah pitit, mwen pap ka mache ankò non !”)
souple, se yon mwa oswa yon semèn avan maryaj la.
💙🧡Nou menm, 7 medam sa yo kanpe ak nou (eksplike chif 7),
san plenyen, san kritike, yo te la.
Bay fi donè yon kado pap ka ranplase sakrifis yo te fè pou ou, lanmou yo ba ou, sipò sa — sa t'ap twò piti.
Ou jis deside fè'l pou'w di yo ou te sonje yo tou.
Gen moun ki konn di lè'w bay fi donè ou yon kado, se echanj ou fè, tankou ou peye yo.
Men pou nou, se pa echanj, se sonje demanti li.
Se rekonesans, se lanmou ak respè pou jès yo fè a.
Nou ka gen divès opinyon sou sa, men nou menm nan Fairy Wand Event Company , n'ap toujou ankouraje kliyan nou yo bay moun ki mache nan kotèj yo yon kado pou yo ka kontan tou, jan yo fè kè kliyan kontan an.
Gen fi oswa gason donè ki jwenn wòl sa a, ki konn ap plenyen avèk nou yo pa jwenn valè yo: lamarye a ak mesye a meprize yo, oswa pa konprann sakrifis la.
Yo merite lanmou, menm si yo konn neglije sonje fè'l ak tout kè yo."
🥂Mèsi anpil ak 7 fi donè nou yo.
E nou tou pwofite felisite e montre lanmou nou a tout moun ki te gentan jwe wòl fi oswa gason donè nan nenpòt maryaj.
Anpil lanmou 💕
Siyen : Mr & Mrs Fairy